Quantcast
Channel: Etudes Créoles
Viewing all articles
Browse latest Browse all 305

Konprann sa leksikografi kreyòl la ye, kote l sòti, kote l prale, ki misyon li dwe akonpli

$
0
0

— Par Robert Berrouët-Oriol, lengwis-tèminològ —

Onè respè pou Pradel Pompilus,

pyonye leksikografi kreyòl ann Ayiti,

otè premye « Lexique créole-français » (Université de Paris, 1958).

Onè respè pou Pierre Vernet,

fondatè Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta d Ayiti,

premye lengwis ki plede pou kreyòl ak fransè mache ansanm

Onè respè pou André Vilaire Chery,

otè « Dictionnaire de l’évolution du vocabulaire français en Haïti »

(tòm 1 ak tòm 2, Edisyon Édutex, 2000 ak 2002).

Atik sila a, « Konprann sa leksikografi kreyòl la ye, kote l sòti, kote l prale, ki misyon li dwe akonpli », pral rive jwenn divès kalte kreyolofòn ann Ayiti osnon nan lòt peyi. Mwen ekri li pou m bay bon jan esplikasyon sou sa syans lang, kidonk lengwistik, rele « leksikografi », espesyalman « leksikografi kreyòl ». Pi fò moun k ap sèvi ak yon diksyonè osnon yon leksik pa konnen kouman leksikograf ki se espesyalis nan domèn leksikografi ekri yo, ki pwotokòl syantifik yo sètoblije swiv pou fè liv sa yo. Ann Ayiti, pi fò pwofesè lekòl osnon pwofesè kreyòl pa menm konnen gen yon aktivite syantifik ki koumanse lan peyi a depi lane 1950 yo lè Pradel Pompilus pibliye « Lexique créole-français » li a (Université de Paris, 1958).

→   Lire Plus


Viewing all articles
Browse latest Browse all 305

Trending Articles